Vergelijk aanbieders (1)
Batay ou pa wè yo toujou kite mak ki vizib.Pou anpil kretyen, batay la pa yon mank lafwa, men se pito fatig. Yo priye, yo li labib, men, ta sanble gen laperèz ki fè santi li la tou ; bagay yo kontinye repete menm jan an, epi laperèz la menm sanble parèt konplike. Se nan lide sa, Doktè Rosemica Bonhomme, ki se yon edikatè kretyen, ekri liv sa, pou kapab montre kijan kretyen yo kapab pwospere nan lavi espirityèl yo.Liv Manyèl Pedagojik Pou Konba Espirityèl, se yon gid pratik ki fèt pou tout kwayan kap viv anba presyon lavi pou ka repwann fòs yo. Liv sa ki plante byen fon nan pawòl BonDye a, ap mennen lektè yo nan reyalite mond envizib ki gen pou wè ak batay espirityèl. Tipa tipa, Doktè Bonhomme, atravè liv sa ap pèmèt kwayan yo ekipe pou yo ka rekonèt opozisyon ke yo genyen espirityèlman, montre yo ki gwo montay ki kanpe devan yo, ede yo pwoteje lespri yo, kay yo, epi ede yo chak jou pou yo viv nan vrè libète ke Kris ba yo a pou yo kapab chase laperèz.Depi plis pase ven (20) ane eksperyans nan fòme ak ekipe kwayan yo pou yo viv epi mache nan otorite espirityèl, Doktè Bonhomme, asosye verite bib la ak sajès BonDye bay pou pran swen pèp li, epi ak sa w ka mete an pratik nan lavi chak jou. Li pa jis la pou li eksplike konba espirityèl sèlman,men li fèt osi pou fòme kwayan yo, pou yo kapab mache avèk konfyans nan viktwa Kris la bay yo kòm mwayen pou yo kapab viv byen.Batay w ap fè fas la reyèl. Men viktwa ou déjà asire. Asirans viktwa ou kache anndan liv sa Manyèl Pedagojik Pou Konba Espirityèl , lap ekipe w pou kapab manifeste pouvwa ou ak otorite w.
Productspecificaties
| EAN |
|
|---|---|
| Maat |
|
Prijshistorie
Prijzen voor het laatst bijgewerkt op: